Jere Dechè Danjre nan Fwaye pou Prepare pou yon Siklòn
Manm yo nan piblik la ta dwe re-evalye evakyasyon fwaye yo ak plan pou abri, pou asire ke yo pratike distans sosyal ak lòt mezi sekirite yo lè yo fè mizannèv plan yo. Sa ki pi enpòtan an se sekirite epi lè nou swiv konsèy responsab lokal yo sou evakyasyon – sa sove lavi.
Objektif enfografi sa a se pou bay piblik la fason pou prepare kay yo pou yon siklòn pandan y ap chèche atik ki ka lakoz dechè danjre nan fwaye (HHW).
Ou kapab bezwen yon lektè PDF pou gade kèk nan fichye yo sou paj sa a. Gade paj Apwopo PDF EPA a pou aprann plis.
Kontakte Nou pou poze yon kesyon, pou bay fidbak, oswa deklare yon pwoblèm.