Jesyon Debri Apre yon Katastwòf Natirèl
Nan paj sa a:
Kontakte gouvènman lokal ou a pou konnen ki fason yo rekòmande pou w separe ak debarase w de debri katastwòf natirèl ou yo. Lè ou swiv enstriksyon espesifik yo bay yo, pwosesis eliminasyon an ap fèt pi rapid. Anba a, genyen yon egzanp enstriksyon sou eliminasyon debri bò twotwa yo.
Sa pou Konnen
Gouvènman lokal ou an ka mande w pou separe debri yo an kategori sa yo oswa lòt kategori sou bò twotwa a.
Fatra Ki nan Kay la
Rad
Manje ki jete
Anbalaj ak papye
Debri Konstriksyon
Materyèl konstriksyon
Klwazon sèch
Bwa
Tapi
Mèb ak matla
Twil ak materyèl pou twati
Plonbri
Debri Vejetal
Branch pyebwa
Fèy pyebwa
Rès pyebwa ki koupe
Dechè Danjere Ki nan Kay yo
Lwil
Batri
Pestisid
Penti
Pwodwi netwayaj
Gaz konprese
Gwo Aparèy
Frijidè
Machin pou lave ak seche
Frizè
Èkondisyone
Fou
Chofaj dlo
Machin pou lave veso
Aparèy Elektwonik
Televizyon
Odinatè, tablèt
Radyo, aparèy estereyo
Telefòn ak selilè
Konsòl jwèt videyo
Lektè DVD
Chajè ak kab
Sa pou Evite
Travèse liy lan: Pa mete okenn debri (ke ou vle yo pase chèche) sou pwopriyete w la. Kontraktyèl yo pa ka pran bagay sou pwopriyete prive yo.
Pa gen Ranmasaj.
Ranmasaj.
Sipò: Pa apiye debri yo sou pyebwa oswa poto. Sa ap rann li pi difisil pou ekip netwayaj la pran atik yo lè w fè sa.
Ti Konsèy
Toujou swiv konsèy gouvènman lokal ou a bay yo.
Debri katastwòf natirèl yo ka souvan lou, mouye, oswa mwazi. Pran prekosyon lè w ap manipile yo. Mete rad pwoteksyon, mask, oswa gan, jan sa apwopriye.
Pòt frijidè ak frizè yo dwe byen fèmen ak tep adezif.